Mondadori Store

Trova Mondadori Store

Benvenuto
Accedi o registrati

lista preferiti

Per utilizzare la funzione prodotti desiderati devi accedere o registrarti

Vai al carrello
 prodotti nel carrello

Totale  articoli

0,00 € IVA Inclusa

Lanmou, jalouzi, koutba, tripotay... se kèk nan pratik, ki, makònen ak lonbrit nou, nou menm ayisyen, depi lè nou sòti nan Ginen, jouk jounen jodi a, nenpòt kote nou tabli sou latè beni. Kalite santiman ak konpòtman tèt anba sa yo vini marye ak ledikasyon depaman nou eritye nan fanmi ki kraze miyèt moso, levasyon pike kole nou pwan sou ban lekòl, kote yo aprann nou rayi tout sa ki nan rasin nou, ki fè nou se moun nou ye a, levanjil dwat e gòch kolon blan, ki touye tout fòs nanm nou... tounen yon bato pongongon ki mennen sosyete nou an nan fon lanmè divizyon, kote nou youn ap pile pye lòt, nou youn ap kalonnen lòt.
Konbyen fanmi ki divize, zanmitay ki kraze, lavi ki detwi, jis paske nou pito kanpe dozado olye nou mete tèt ansanm, nou chwazi dechalbore rèv yon frè, yon sè, ki goumen, ki pase mizè pou li reyalize kichòy? Lavi, pèdi tout sans li, tout valè li nan zye nou, depi se pou nou trayi yon zantray nou, mete zizani nan mitan anmore, anmorèz ki te kapab vini plante pikèt fondasyon sosyete nou an.
Manman m, Mis Kam, batize m Richarson Dorvil, jou m te gen chans wè limyè solèy lavi a nan lakou Fermathe. Mwen fèt e mwen grandi nan tèt mòn nan, men mwen se yon pitit Ayiti. M abitye ak bèl salon, kote fanm dyòl loulouz ap defile sou talon kikit, menm jan mwen abitye ak koridò labou, kote malere, malerèz ap bat dlo pou fè bè. Mwen wè gwosè pouvwa lajan genyen nan sosyete a, menm jan mwen viv dega lamizè koze nan trip
Koze Kreyòl | 1

ak lespri yon pèp zonbi, yon pèp maltrete, yon pèp ke ni dirijan, ni loa, ni menm gran mèt la sanble bliye, lage 2 bwa pandye.
Koze Kreyòl, se yon kantite lodyans ki kapab fè w griyen dan w, men se sitou yon radyografi mantalite ke nou devlope depi kèk lane, ki vle nou viv nan deblozay, kote youn pa dwe vanse, fòk nou tout rete mouri ansanm nan panyen krab la, pandan ke nou tout te ka sòti ladann ansanm. Koze Kreyòl pote pou ou, istwa ke ou viv chak jou, oswa yon moun ou konnen deja viv. Ladann, w ap wè ou tankou se devan yon moso glas ou kanpe w ap gade tèt ou, tankou lè ou fini abiye pou w pwan lari.
Ou pap jwen chimen kwochi nan zèv sa a, paske li dirèk, li ekri nan yon Kreyòl senp, fasil, yon fason pou tout moun kapab konprann li. Literati pa sipoze mare nan chenn, li sipoze lib pou li antre nan zo bwa tèt tout moun pou yo aprann, reflechi epi chanje move manyè ki lakoz nou ap viv pi mal pase bèt sovaj, nou youn ap detwi lòt... Yon sitiyasyon ki rann nou lèd nan zye lòt pèp sou bout tè a, paske nou pa janm fè yon pa kita, yon pa nago, nou kole nan bouda kamyonèt la.
Koze Kreyòl pa yon liv mwen ekri pou fè pèsonn plezi, li se rezilta anpil move tranzaksyon mwen wè k ap dewoule anba zye m, ki pote tristès nan fon kè m, yon kè ki swaf lanmou, lapè ak tèt ansanm.
Si pou ou, ou menm ki pwal fè m lonè, li 2 mo 4 pawòl sa yo, lavi ayisyen, an Ayiti tankou lòt bò dlo se yon paj wòz, m ap envite w reveye w, leve nan dòmi an, kouri kite rèv je klè a, paske reyalite pèp asyisyen an difisil e tris anpil. Nan mont lavi a, li gen tan fè 24 trè e si li pa fè vit louvri je l, li pap janm kanpe doubout pou li mete yon bout nan kalamite l.

Dettagli down

Generi Romanzi e Letterature » Romanzi contemporanei , Hobby e Tempo libero » Umorismo » Libri per ridere e collezioni umoristiche

Editore Richarson Dorvil

Formato Ebook con Adobe DRM

Pubblicato 15/07/2022

Lingua

EAN-13 1230005672578

0 recensioni dei lettori  media voto 0  su  5

Scrivi una recensione per "Koze Kreyòl"

Koze Kreyòl
 

Accedi o Registrati  per aggiungere una recensione

usa questo box per dare una valutazione all'articolo: leggi le linee guida
torna su Torna in cima