Mondadori Store

Trova Mondadori Store

Benvenuto
Accedi o registrati

lista preferiti

Per utilizzare la funzione prodotti desiderati devi accedere o registrarti

Vai al carrello
 prodotti nel carrello

Totale  articoli

0,00 € IVA Inclusa

Rev ou yo ka sove lavi ou

ANNA MANCINI - Marie Line Cadely
pubblicato da BUENOS BOOKS INTERNATIONAL

Prezzo online:
9,99

Byen ke nou ka wè natirèlman a travè kò nou ak sibkonsyan nou tout danje ki genyen nan anviwònman nou, nou pa konn itilize sa nou wè yo ankò pou nou ka asire sekirite pèsonèl nou. Bèt yo, yo menm, yo konn kijan pou yo fè sa toujou, e se sa ki pèmèt yo konnen pou yo kouri deplase anvan yon katastwòf natirèl kòmanse.

Poutan, si nou aprann sèvi ak rèv sa yo, èt imen ka depase bèt yo nan domèn sa. Rezilta ki gen plis de 20 ane rechèch, liv sa eksplike yon metòd ouvè ak tout moun ki pèmèt nou rekonstwi pon ant kò, konsyan, ak sibkonsyan nou pou nou ka jwenn plis enfòmasyon sou danje ki genyen nan anviwònman nou. Kou dyalòg la reprann plas nan sibkonsyan nou e nan kò nou, èt imen trouve li nan ka sa byen siperyè pase bèt yo e pase tout teknoloji ki egziste pou fèw santi tout kalite danje, ke se swa natirèl, ke se lèzòm ki koz li ou byen teknoloji.

Nan itilize teknik ke yo eksplike nan liv sa, ou pral aprann kòman pou ou rejwenn enfòmasyon ki enpòtan pou sekirite ou ak pwòch ou yo ki a dispozisyon ou lè ou ap reve. Konsa, ou ap tou kapab pa egzanp:

- evite yon lanmò pa aksidan nan sove tèt ou anvan yon katastwòf natirèl deklanche: tranbleman tè, vòlkan, glisman teren, inondasyon, tanpèt, sinami, avalanch, tònad, eks.;
- fè echwe agresè, teworis, vòlè, vyolè, kadejakè ou byen kanbryolè yo nan pwojè yo;
- konnen, anvan ou ale nan vwayaj, pa egzanp nan avyon ou nan bato, si ou ap rive sen e sof kote ou prale a ou byen si li t'ap preferab ke ou renonse a vwayaj lan a koz yon atenta, yon nofraj, yon aksidan ou yon dezas natirèl...;
- santi plen lòt pyèj ak danje epi evite yo.
- ou ap kapab tou, pou moun ki pi entèlijan nan mitan ou yo, devlope yon pi gwo sansibilite ak yon pi gwo entuisyon dirèkteman pandan je ou klè, sa ki ka pèmèt ou reaji pi efikasman kont danje anviwònman ou yo.
- ou va aprann tou pou ou pa bay tèt ou pwòblèm initilman lè ou va fè senp ti move rèv paske ou va aprann kòman pou detekte sa ki lakay ou ki pwovoke yo epi konsa ou va konnen fè diferans lan avèk vrè rèv ki se alèt katastwòf natirèl, atenta, kanbryolaj, aksidan santral nikleyè, eks.

Dettagli down

Generi Salute Benessere Self Help » Mente, corpo, spirito , Esoterismo e Astrologia » Occulto » Predizione del futuro » Chiaroveggenza

Editore Buenos Books International

Formato Ebook con Adobe DRM

Pubblicato 13/03/2013

Lingua

EAN-13 9782366700299

0 recensioni dei lettori  media voto 0  su  5

Scrivi una recensione per "Rev ou yo ka sove lavi ou"

Rev ou yo ka sove lavi ou
 

Accedi o Registrati  per aggiungere una recensione

usa questo box per dare una valutazione all'articolo: leggi le linee guida
torna su Torna in cima